MOUN PAKA DETWI W.

Konbyen fwa nou ap panse pou nou komanse yon bagay epi brit sou kou, sanzatann nou bay vag paske nou ap panse ak sa moun pral di de sa, ak jijman lèzòt ka genyen!
Mond lan telman chaje konesè, li telman chaje grandizè, li anpeche w mete plan w en mach!
Eske sa konn rive ou?
Eske koze sila kokobe rèv ou?
Li fè w pa ka mete plan w en egzekisyon pa vre?
Li fèw pa reyisi?
Ebyen Kite mwen diw sa :

 

 

 

1. Ou nòmal.
Tout moun kap viv konnen ke gen zye kap gade yo! E kit ou vle kit ou pa vle, sosyete ke wap Viv la detenn Sou ou!
Sa rive tout moun menm yon fwa nan lavi yo , Pou jan yon moun gade yo ba yo pwoblèm.
Se nòmal, moun paka viv san moun! Epi moun toujou renmen lè yo apresye travay yo, talan yo! Nou renmen lè moun renmen nou!

2. Kalme ou . Rete ou menm!
Plis ou anvi vin yon moun ke w pa ye se plis wap gen moun ki renmen w men se plis wap gen moun ki pa renmen w tou.
Se konsa! Ou pap janm jwenn tout moun ou kontre Nan lavi ou renmenw!
Nan chèche fè moun plezi, w ap pèdi moun ou ye a! Kalme w! Poze San w! Paske nan chèche fè moun plezi ou ka pa fè tèt ou plezi.
Pito ou pase tan ak tèt ou! Pèdi tan pou konn ki moun ou ye vreman! Gade w, pran plezi nan moun ou ye a!

3. Konnen feblès ou
Aksepte moun ou ye a! Aksepte tèt ou ak tout defo ou genyen ak tout kalite ou genyen!
Sa vreman enteresan se lè w konn defo w ak feblès ou epi ou anbrase l.
Sa pa vle di w pa p chache amelyore li men sa vle di yo paka fè w mal, ni fè w pè ak li.
Epitou dèfwa nan sèk yo mete w la, se paske yo paka antre ladan! Yo baw yon etikèt pou te ka pè vanse, pou pa janm depase yo!
Chak grenn bagay ke wap fè veye! Veye si se pou fè moun wè, oswa Pou enspire moun! Se sèl si se pou enspire moun pou kontinye!
Pèsòn pa pafè men chak moun plen potansyel. Li tap bon si chak endividi ta mete savwa yo pou ede lòt moun olye youn ap bay lòt pwoblèm sou kreyativite li.
Renmen yon moun pa obligatwa men RESPEKTE l enpòtan.

4. Ekate w de glwa yo

Lanmou se yon melanj limyè ak fènwa. Ou paka pran youn San lòt.
Tank ou ap fè sa ki bon, ap fè pwogrè se tank difikilte ap plis
Se menm jan avek lanmou moun, chak fwa ou fè yon bagay ou atann ou ak felisitasyon se tank kritik négatif yo ap few mal. Se pa ke felisitasyon yo pa dwe afekte w, men pa bay plis enpòtans ak sa ke sa wap fè a. Sa vle di pa Fe anyen poutèt wap atann ak felisitasyon! Sinon wap rete nan souvni, tankou Ayiti nou gen 1804 men lot peyi yo gen 2050 byen planifye.
Tan ak eneji sa fokalize li sou pwojè w. E pa bliye felisite tèt ou de sa w fè ki bon raple tèt ou a lòd lè w fè sak pa bon.

Se ou ki pou chapante moun ou ye a . Bay tèt ou valè ke w ta renmen lòt moun bawou.
Moun pa mete w sou profil li mete w sou profil ou. Di tèt ou jan w renmen w chak jou.
Balanse tet ou se yon bèl e gwo bagay

5. Fè sa w renmen
Aprann konnen kew lib pou w fè sa w renmen. Li ka menm pa rantre nan kad sosyete a mete a, men depil pap afekte lavi moun sou plan negatif fè l.

Tout moun merite pou yo vin byen e ere. Si jan moun gade w twouble w mete lòd nan sa. Chak moun gen yon vi pa kite sa lòt moun panse pou ou, aji sou ou pou anpeche w realize rèv ou.

 
Kòmsi pou moun nan gen yon vi epi w ap vin viv pou li ankò ?
REVEYE W,OU LIB 

Leave a comment